Istwa Poukisa

"Ou pa gen kontwol sou kote ou fèt , men ou ka kontwole kote ou prale ak ki moun ou vin ye pi devan"

Non mwen se Edna Aurelus . Mwen te fèt epi mwen grandi Ayiti, yon peyi pòv kote ou ka we lamizè chak jou nan figi jèn gason ak jen fi.  Sepandan, li pa te janm youn chwa pou mwen te sukonbe. Lem tap grandi Ayiti, mwen te rayi lamize ; nan lespri-m  mwen te  panse gwo,  gwo anpil menm lè mwen pa t' konnen ki sa sa te vle di vreman. Mwen te konnen ke sa m ' te vle ye nan lavi pa te sanble di toua k sa ke mwen tap obseve nan lantouraj mwen. 

Mwen te toujou mande manman m ' , poukisa nou manke ti nesesite debaz yo tankou yon frijidè ak yon fou nan kay la, li toujou reponn ,  « Tan pan ou an pankor rive. » Mwen menm ki te telman pratik,  mwen pa t 'kapab rete tann ankor pou moman sa  rive. Mwen te vle genyen  tout bagay si li te posib pou youn kretyen vivan tankou mwen menm posede tout bagay ; antouka kelkeswa sal te ye a mwen te vle-l. Mwen te konn gade  televizyon souvan, epi mwen te konn we kondisyon lavi ti moun kap viv nan peyi Etazini ak Lafrans ;  mwen te mande tet mwen poukisa mwen pa ka viv tankou yo; mwen te detèmine poum chanje lavi m ', epi osi jèn ke mwen te ye, mwen te konnen ke ledikasyon se wout la ki mennen  nan siksè. Mwen travay byen lekòl, sanm pa menm konnen ki bor mwen tap rive, men mwen kontinye etidye epi travay byen.

Nan mwa Desanm 1996 , mwen te gen chans voyaje pou peyi Etazini, "peyi opotinite a", kote mwen te konsantre sou edikasyon mwen e mwen te kontinye ap byen mennen lekol . Mwen te chwazi yon karyè nan swen lasante e mwen te vinn yon enfimyè lisansye nan  lane 2005, yon ti tan apre ; Mwen kontinye karyè mwen kòm yon Enfimye Pratikan pou Fanmiy nan mwa Desanm 2008. Epi nan mwa Me 2014 Mwen pran doktora mwen nan Enfimyè Pratikan. Mwen pa janm di ke li te yon wout san obstak, te gen anpil monte desann sou wout la, men mwen pat janm te abandone batay la. Mwen reprann elan mwen epi mwen rete konsantre akoz de lafwa mwen nan Bondye a ki gen tout pouvwa.

 Mwen kwe ak tout kem ke gen anpil jèn fanm ki pi entelijan pasem ki swaf pou aprann, men y opa gen opotinite ak akse pou yo reyalize rev yo. Se poutèt sa, lide poum te kreye Fondasyon EVS Sourire te vin nan tet mwen yon ti tan apre mwen te finn pran doktora mwen. Mwen te deside poum tounen nan vil natif natal mwen Kenscoff  poum lonje lanmen bay  jèn fi yo, epi mwen te itilize ledikasyon, aktivite sosyal, ak spor poum ankouraje yo renmen tet yo, respekte tet yo, epi aksepte moun ke yo ye a.-, 

Mwen te kòmanse yon pwogram foutbòl kote 83 ti fi enskri pou yo patisipe. Yo te trè trè chofe ak devwe . Yo te vinn antrene menm le lapli tap tonbe . Devouman yo fè-m  reyalize ke mwen pa ta dwe sispann travay pou yo. Mwen pap kanpe nan rout paske lè ou edike oswa chanje lavi yon sèl ti fi, se tantou ou edike epi chanje yon ti vilaj. Se poutèt sa map  fè sa map  fè-a.

In The News